Kesyon ak Repons sou Sondaj la

Èske lekòl la pral kapab konnen ki repons mwen bay pou kesyon yo?
Sondaj la pral mande w enfòmasyon sou eksperyans ou fè avèk CPS kòm paran, oswa reponsab legal, oswa moun ki okipe timoun – men repons ou yo pral rete anonim nèt. Pa gen okenn mwayen k ap pèmèt nou konnen ki moun ki bay tèl repons. Lekòl yo pral aprann anpil bagay nan opinyon ki parèt nan kesyonnè yo - tankou lide ou genyen sou jan lekòl la kapab ede fanmi w sipòte elèv la nan travay lekòl li, ak si ou kwè lekòl la aji byen avèk tout fanmi yo.

Kouman CPS pral sèvi avèk kesyonnè sa a?
Menm jan avèk Plannifikasyon Distrik la nan tout ansanm li, sondaj pou fanmi sa a antre nan yon pwosesis kontinyèl ki genyen aprantisaj, eksperimantasyon, rafinman, ak travay pou ede elèv yo bay pi bon rannman.

Men kèk egzanp ki montre kouman CPS kapab aprann ak reyaji nan enfòmasyon nou jwenn yo:

  • Afekte plis resous nan rezoud yon pwoblèm patikilye fanmi ki reponn kesyonnè a dekri
  • Mete priyorite sou fòmasyon ak aprantisaj pwofesyonnèl sou yon kesyon patikilye ki parèt pandan sondaj la
  • Pwodui nouvo materyèl oswa ògànize atelye pou fòmasyon paran
  • Devlope kesyon gwoup kòm referans pou kontinye ànalize konklizyon inisyal ki soti nan sondaj la

Konbyen fwa èske mwen ta dwe pran sondaj la, si mwen gen plis pase yon timoun nan lekòl la?
Nou mande pou ou pran sondaj la yon fwa pou chak lekòl, pou chak fanmi. Nou mezire to repons nou yo sou labaz kantite fanmi lekòl la (pa kantite elèv yo). Si ou gen timoun nan de (2) oswa plis lekòl ki diferan, tanpri pran sondaj la pou chak lekòl, si ou gen ase tan pou fè sa. Nan seksyon an ki rele “Konsènan Pitit ak Fanmi ou an”, nou rekòmande pou w reponn kesyon yo daprè sa ki bon pou pitit ou an ki pi gran an.

Poukisa ou poze kesyon konsènan pitit mwen an ak bakgrawn fanmi mwen an?
Lekòl Piblik Cambridge angaje l pou asire pou tout elèv ak fanmi yo gen eksperyans ki pozitif nan lekòl nou yo. Lè w bay enfòmasyon konsènan bakgrawn ou an, nou kapab wè si ras, etnisite, sèks, oryantasyon seksyèl, lang elèv la pale lakay li oswa klasman pou lennch Gratis/Bon Mache sanble gen yon enfliyans sou jan eksperyans yo nan CPS pozitif oswa negatif.

Sondaj nan lepase te dekouvri ke fanmi elèv ki idantifye tèt yo kòm non-binè oswa transjan, rapòte plis eksperyans ki negatif nan lekòl nou yo. Pou reyaji fas ak enfòmasyon sa a, CPS te kreye yon nouvo pwogram fòmasyon pou amelyore reyaksyon lekòl yo pa rapò ak elè epi fanmi yo. Nou pran disparite sa yo trè seryèzman, epi n ap travay pou pran mezi ki pral ranfòse lekkite ak enklizyon pou tout fanmi yo.

Selon esplikasyon ki pi teknik, Panorama bannou kapasite pou gade done yo ki agrege (tout ansanm) oswa dezagrege an plizyè gwoup diferan (fi sowa gason, ras/etnisite, klas, elatriye) pou ede nou konprann kijan pwoblè, ekite gendwa afekte klima lekòl la ak eksperyans elèv yo.

Kijan ou kapab pwoteje enfòmasyon sekrè (anonimite) mwen?
Sondaj la se yon konpayi andeyò ki administre l ki rele Panorama Education. Yo pa mande fanmi yo pataje okenn enfòmasyon ki kapab idantifye yo epi Panorama pral otorize nou pou n gade enfòmasyon konsènan senk (5) gwoup diferan sèlman, si gen 10 moun oswa plis nan gwoup sa a ki te reponn sondaj la. Sa Panorama montre nou ap konbine ak repons tout manm gwoup demografik patikilye a ki enterese n. Sa va pèmèt nou analize faktè rekonesab nan eksperyans yo, san li pa bannou okenn enfòmasyon konsènan sa okenn fanmi apa te deklare nan sondaj la.

Website by SchoolMessenger Presence. © 2024 SchoolMessenger Corporation. All rights reserved.